Tchèkòp timoun: 4 làne
Menm si timoun ou an an sante, kontinye mennen l fè tchèkòp chak àne. Sa ap ede w asire w vaksen yo ansanm ak egzamen sante yo prevwa yo ap pwoteje sante pitit ou a. Founisè swen sante pitit ou a kapab asire l kwasans ak devlopman pitit ou a ap byen pwogrese. Tchèkòp se bon moman pou w jwenn repons kesyon sou devlopman emosyonèl ak fizik pitit ou a. Vin ak lis kesyon w yo nan randevou a pou w ka pale de tout enkyetid ou yo.
Fèy sa a ap dekri kèk eleman ou ka atann ak yo.
Devlopman ak etap enpòtan
Founisè swen sante a ap poze w kesyon epi l ap obsève konpòtman pitit ou a pou l ka gen yon lide sou devlopman l. Nan vizit sa a, pifò timoun fè bagay sa yo:
-
Konsole lòt moun ki blese oswa ki tris, tankou anbrase yon zanmi k ap kriye
-
Renmen lè li se yon "èd"
-
Pale de omwen 1 bagay ki te pase l pandan jounen an
-
Rakonte rès yon istwa tout moun konnen byen
-
Di ki koulè kèk bagay ye
-
Fè fraz ki gen 4 oswa plis mo
-
Kenbe kreyon desen oswa kreyon ant lòt dwèt yo e lepous li (li pa ponyen yo)
-
Fè desen yon moun ki gen 3 oswa plis pati kò moun
-
Pare yon gwo boul nan majorite fwa yo
-
Deboutonnen kèk bouton
Pwoblèm eskolè ak pwoblèm sosyal
Founisè swen sante a ap mande w si pitit ou a antann li ak lòt timoun. Pale sou eksperyans pitit ou a fè an gwoup tankou nan kindègadenn. Si pitit ou a pa nan kindègadenn, ou ka pale pito de konpòtman l genyen nan gadri oswa lè w soti avè l. Ou ka pale tou sou chwa kindègadenn ak sou fason pou w ede pitit ou a pare pou kindègadenn. Founisè swen sante a ka poze w kesyon sou:
-
Konpòtman l ak patisipasyon l nan aktivite an gwoup yo. Ki jan pitit ou a konpòte l nan lekòl li oswa lòt kote an gwoup? Èske li suiv woutin nan epi patisipe nan aktivite an gwoup yo? Kisa pwofesè pitit ou a oswa moun k ap okipe l yo di sou konpòtman l?
-
Konpòtman l lè l lakay li. Ki jan pitit ou a konpòte l lakay li? Èske konpòtman li genyen lè l lakay li a pi bon oswa pi mal pase konpòtman li genyen nan lekòl la? Ou dwe konnen li kouran pou timoun yo pi byen konpòte yo lekòl pase lakay yo.
-
Zanmitay. Èske pitit ou a zanmi ak lòt timoun? Ki jan timoun sa yo ye? Ki jan pitit ou a antann li ak zanmi sa yo?
-
Jwe. Ki jan pitit ou a renmen jwe? Pa egzanp, èske li renmen "imite"? Èske pitit ou a entèraji avèk lòt yo lè l ap jwe?
-
Endepandans. Ki jan pitit ou a adapte l lekòl la? Ki jan li reyaji lè w pati? Yon sèten nivo enkyetid nòmal. Sa a ta dwe amelyore apre yon tan, amezi pitit ou a ap vin pi endepandan.
Konsèy pou nitrisyon ak egzèsis
Manje ak aktivite sen se 2 kle enpòtan pou yon avni sen. Li pa twò bonè pou w kòmanse aprann pitit ou a abitid sen ki pral dire tout lavi l. Men kèk bagay ou ka fè:
-
Limite ji ak bwason pou espò yo. Bwason sa yo—menm ji fwi pi yo—gen twòp sik. Sa ap fè l pran move pwa epi gen kari nan dan. Li ap pi bon pou timoun ou an bwè dlo ak lèt ki pa gra oswa ki pa gen anpil grès. Limite kantite ji a a yon ti goblè 100% ji chak jou, tankou pandan l ap manje.
-
Pa ba l gazez. Li pi bon pou sante pitit ou a pou w pa kite l bwè gazez. Si w ap ba l gazez, kite l pou yon okazyon ki vrèman espesyal.
-
Ba li manje ki bon pou sante. Kenbe yon varyete manje ki bon pou sante sou lamen pou ti goute yo. Tankou fwi ak legim fre, vyann mèg, ak sereyal antye. Ou dwe ba li manje tankou pòmdetè fri, bonbon ak lòt fridòdòy yo raman.
-
Ba li kantite ki pou timoun. Timoun yo pa bezwen menm fòs manje ak granmoun yo. Bay pitit ou a kantite ki rezonab pou laj li. Kite timoun ou an sispann manje lè vant li plen. Si timoun ou an toujou grangou lè l fini manje, ba li plis fwi oswa legim. Li bon pou w limite kantite manje pitit ou a ap manje.
-
Ankouraje timoun ou an pou l fè omwen 3 èdtan aktivite fizik pa jou pandan l ap jwe yon fason ki aktif. Bouje ap ede timoun ou an rete an sante. Mennen pitit ou a sou plas, monte bisiklèt, oswa fè jwèt aktif tankou lago oswa jwe boul.
-
Limite tan timoun ou an ap pase devan ekran an a 1èdtan pou pi plis chak jou. Sa a enplike televizyon, telefòn, tablèt, jwèt videyo, òdinatè, ak lòt aparèy. Lè pitit ou a ap itilize yon ekran, sa l ap gade a dwe se yon pwogram pou timoun epi dwe gen yon granmoun ki prezan. Pa mete okenn ekran nan chanm pitit ou a. Timoun yo aprann lè y ap pale, lè y ap jwe ak lè y ap kominike avèk lòt moun.
-
Mande founisè swen sante a pwa timoun ou an. Nan laj sa a, pitit ou a ta dwe pran apeprè 4 a 5 liv chak àne. Si li pran plis pwa pase sa a, pale sou bon abitid manje ak gid pou egzèsis ak founisè swen sante li a.
-
Al kay dantis souvan. Mennen timoun ou an kay dantis omwen de fwa nan àne a pou yo netwaye epi verifye dan l.
Konsèy pou sekirite
 |
| Ekipman sekirite pou bisiklèt, tankou kas, ede kenbe pitit ou a an sekirite. |
Konsèy pou kenbe pitit ou an sekirite yo gen ladan yo:
-
Lè l ap monte bekàn, fè pitit ou a mete yon kas ki boukle. Lè l ap woule paten a woulèt oswa lè l ap itilize scooter oswa skateboard, li pi an sekirite pou l mete pwotèj pwànye, pwotèj koud, pwotèj jenou, ak yon kas.
-
Kontinye itilize chèz machin jiskaske pitit ou a vin twò gran pou li. Sa a rive lè wotè oswa pwa timoun ou an depase limit pou itilizasyon chèz machin ki bay fas li sou wout la. Gade manyèl itilizasyon chèz machin nan pou w ka konnen wotè oswa pwa espesifik la. Mande founisè swen sante a si eta a gen lwa konsènan itilizasyon chèz machin ou dwe konnen.
-
Depi pitit ou a vin twò wo pou chèz machin nan, chanje l epi itilize yon chèz wo a dosye wo. Sa a pèmèt senti sekirite a chita kòmsadwa. Ou dwe itilize yon chèz wo jiskaske pitit ou a gen 4 pye 9 pous epi genyen ant 8 ak 12 làne. Tout timoun ki gen pi piti pase 13 làne dwe chita sou chèz dèyè a.
-
Aprann pitit ou a pou l pa pale ni deplase pou ale okenn kote ak yon etranje.
-
Kòmanse aprann pitit ou a nimewo telefòn li, adrès li ak non paran l yo. Li enpòtan pou l konnen sa yo si gen yon ijans.
-
Aprann timoun ou an naje. Anpil kominote ofri kou natasyon a ba pri.
-
Si ou gen yon pisin, verifye si li bare tout kote. Fèmen epi lòk ni baryè ni pòt kote pou moun pase pou y ale nan pisin nan. Pa kite timoun ou an jwe nan oswa pre pisin poukont li menm si li konn naje.
-
Aprann pitit ou a pou l rete lwen chen ak chat li pa konnen. Pa janm kite pitit ou a pou kont li bò kote bèt.
-
Sonje pwoteksyon kont solèy la. Mete rad pwoteksyon. Eseye evite solèy la ant 10 a.m. rive 4 p.m. Se lè sa a reyon solèy la pi fò. Pase krèm solèy ki gen yon SPF ki egal a 15 pou pi piti oswa ki rive jiska 50 sou kote nan po pitit ou a ki pa kouvri ak rad.
-
Si li nesesè pou w gen yon zam lakay ou, ranje l yon kote san l pa chaje epi anba kle.
-
Itilize non kòrèk tout pati kò yo, epi aprann pitit ou a non kòrèk tout pati kò yo. Aprann pitit ou a pèsonn pa dwe mande l pou l fè paran l oswa moun k ap ba l swen yo sekrè, ni pou yo gade oswa manyen pati entim li, ni pou yo mande l èd pou pati entim yon granmoun oswa yon lòt timoun. Si yon pwofesyonèl nan zafè lasante dwe egzamine pati kò sa yo, ou dwe prezan.
-
Aprann pitit ou a li nòmal pou l di "non" pou tout manyen ki fè l malalèz. Pa egzanp, si pitit ou a pa vle anbrase yon fanmi oswa yon zanmi, respekte desizyon li pran pou l di "non" pou kontak sa a.
Vaksen
Sou rekòmandasyon CDC, nan vizit sa a y ap bay timoun ou an vaksen sa yo:
-
Difteri, tetanòs, ak koklich
-
Grip chak àne
-
Lawoujòl, malmouton, ak ribeyòl
-
Polyo
-
Saranpyon (varisèl)
Bay pitit ou a ankourajman pozitif
Li fasil pou w di yon timoun sa li fè ki mal. Li souvan pi difisil pou w sonje felisite yon timoun pou sa li fè ki byen. Rekonpanse bon konpòtman (ankourajman pozitif) ede pitit ou a gen konfyans nan tèt li ak yon bon estim de li menm. Men kèk konsèy:
-
Felisite pitit ou a epi ba l atansyon lè li konpòte l byen. Lè sa apwopriye, fè tout fanmi an konnen timoun nan te byen aji.
-
Rekonpanse bon konpòtman ak akolad, bo, ak ti kado tankou estikè. Lè yo rekonpanse l paske l aji byen, timoun nan ap kontinye kenbe konpòtman sa yo pou l ka jwenn rekonpans. Pa ba l bagay dous oswa sirèt kòm rekonpans. Itilize fridòdòy sa yo kòm ankourajman pozitif ka mennen nan move abitid manje ak yon atachman emosyonèl a manje.
-
Lè pitit ou a pa aji jan ou te swete a, pa mete etikèt tankou move timoun oswa vakabon sou do l. Olye de sa a, dekri poukisa aksyon an pa akseptab. Pa egzanp, di "Li pa bon pou w bay kou" olye de "Ou se yon move tifi." Lè pitit ou a chwazi bon konpòtman an olye de move konpòtman an, tankou deplase olye pou li bay kou, sonje felisite l pou bon chwa li fè a!
-
Angaje w pou w di pitit ou 5 bèl bagay chak jou. Epi apresa a, fè l!
© 2000-2026 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.