Bilan Sante Timoun: 2 lane
Pandan tchèkòp 2 làne a, founisè swen sante w la ap egzamine pitit ou a epi l ap mande w kòman sa ye lakay. Nan laj sa a, tchèkòp yo vin pi ra. Kidonk, sa a ka se dènye tchèkòp pitit ou a ap gen pou l fè pandan yon bon moman. Tchèkòp sa a se bon moman an pou w jwenn repons kesyon sou devlopman emosyonèl ak fizik pitit ou a. Pote lis kesyon w yo nan randevou a pou w ka pale de tout enkyetid ou yo.
Fèy sa a ap dekri kèk eleman ou ka atann ak yo.
Devlopman ak etap enpòtan
Founisè swen sante a ap poze kesyon sou timoun ou an. Y ap gade bebe ou a pou yo ka gen yon lide de devlopman l. Nan vizit sa a, pifò timoun fè bagay sa yo:
-
Di omwen 2 mo ansanm, tankou "plis lèt"
-
Montre omwen 2 pati nan kò a epi montre imaj nan liv
-
Fè jès tankou voye yon ti bo oswa souke tèt li pou l di wi
-
Kouri epi choute yon boul
-
Remake lè lòt yo blese oswa kontrarye. Yo ka pran yon poz oubyen sanble tris lè yon moun ap kriye.
-
Jwe avèk plis pase 1 jwèt alafwa
-
Eseye itilize entèriptè, bouton oswa touch yon jwèt
Konsèy alimantasyon
Pa enkyete w si pitit ou a ap fè kapris pou l manje. Sa nòmal. Kantite manje pitit ou a manje pandan 1 repa oswa pandan 1 sèl jou a mwens enpòtan pase abitid manje li devlope sou plizyè jou oswa plizyè semèn. Pou w ede pitit ou a ki gen 2 làne a byen manje epi devlope abitid ki sen:
-
Kontinye ba li diferan ti bouche nan lè manje yo. Pa sispann ba li nouvo manje. Sa konn souvan mande plizyè esè anvan yon timoun kòmanse renmen yon nouvo gou.
-
Si timoun ou an grangou anvan lè manje a, ba li manje ki sen. Legim ak fwi ki koupe, fwomaj, manba, ak bonbon sèl se bon chwa. Sere ti goute tankou chips oswa bonbon pou yon okazyon espesyal.
-
Pa fòse pitit ou a manje. Yon timoun nan laj sa ap manje lè l grangou. Gen jou l ap petèt manje plis pase kèk lòt jou.
-
Soti nan lèt antye pou w ba li lèt ki pa gen anpil grès oswa ki pa gen grès. Mande founisè swen sante a kisa ki pi bon pou pitit ou a.
-
Pifò nan kalori pitit ou a ap pran dwe soti nan manje solid, pa nan lèt.
-
An plis de bwè lèt, dlo se pi bon solisyon an. Limite ji fwi yo. Li dwe 100% ji epi ou ka ajoute dlo ladan l. Pa bay bebe w la kola.
-
Pa kite pitit ou a mache ak manje. Se yon risk etoufman. Sa a ka debouche tou sou manje twòp pandan pitit ou a ap grandi.
Konsèy pou ijyèn
Konsèy sa yo gen ladan yo:
-
Bwose dan pitit ou a de fwa pa jou. Itilize ton ti kantite pat ki gen fliyorid, pa pi gwo pase yon grenn diri. Itilize yon bwòs dan ki fèt pou timoun.
-
Si w pa t ko fè sa a, mennen pitit ou a kay dantis.
Aprantisaj pwòpte
Anpil timoun ki gen 2 làne pa ko pare pou aprann rete pwòp. Men, pitit ou a ka kòmanse montre li entèrese pou àne k ap vini an. Si timoun ou an di w daypè l sal epi li mande w pou w chanje l, se yon si y ki di l ap prepare l. Men kèk ti konsèy:
-
Pa fòse pitit ou a chita sou bouch twalèt. Sa ka fè aprantisaj la pi difisil.
-
Esplike pitit ou a ki jan yo itilize twalèt. Kite pitit ou a gade lòt manm nan fanmi an k ap itilize twalèt la, pou timoun nan ka aprann ki jan sa a fèt.
-
Kite yon ti chèz pou vaz nan twalèt la, bò twalèt la. Ankouraje pitit ou a pou l abitye avèk li pandan w ap fè l chita sou li ak tout rad sou li oswa ak daypè sèlman. Lè timoun nan santi l pi alèz, mande l pou l chita sou vaz la san daypè.
-
Felisite pitit ou a lè l itilize vaz la. Itilize yon sistèm rekonpans, tankou yon tablo ak estikè, pou w ankouraje pitit ou a itilize vaz la.
-
Konprann gen aksidan ki ka rive. Lè pitit ou a gen yon aksidan ki rive l, pa fè yon pakèt afè ak sa a. Pa janm pini timoun nan paske li gen yon aksidan ki rive l.
-
Si w gen enkyetid oswa ou bezwen plis konsèy, pale ak founisè swen sante a.
Konsèy pou somèy
 |
Itilize lè dòmi an pou w kreye lyen ak pitit ou a. Li yon liv ansanm, pale de jounen an, oswa chante ti chante pou li pou l ka dòmi. |
Nan laj 2 zan, pitit ou a ka fè syès 1 sèl fwa pa jou epi li ta dwe dòmi anviwon 8 a 12 èdtan nan nuit. Si li dòmi plis oswa si li dòmi mwens pase sa a men li sanble an sante, se pa yon pwoblèm. Pou w ede timoun ou an dòmi:
-
Ankouraje pitit ou a fè ase aktivite fizik pandan jounen an. Sa ap ede yo dòmi lannuit. Pale ak founisè swen sante a si w bezwen kèk ide sou kalte jwèt aktif yo.
-
Suiv yon woutin lè l pral dòmi chak swa, tankou bwose dan l apre sa li yon liv. Eseye kenbe menm lè dòmi an chak swa.
-
Pa mete timoun ou an kouche ak bagay pou l bwè kote l la.
-
Si ou mal pou w fè pitit ou a dòmi leswa, mande founisè swen sante a konsèy.
Konsèy pou sekirite
Konsèy sa yo gen ladan yo:
-
Pa kite pitit ou a jwe deyò san siveyans. Aprann li fè atansyon a machin yo. Pitit ou a dwe toujou kenbe men yon granmoun lè l ap travèse lari oswa lè l nan yon pakin.
-
Pwoteje bebe w la pou li pa tonbe. Mete ekran pwoteksyon nan fenèt yo. Mete baryè anwo ak anba eskalye yo. Siveye timoun lan nan eskalye yo.
-
Si w gen yon pisin, klotire l. Fèmen epi lòk baryè yo ak pòt yo ki mennen nan pisin nan. Aprann timoun ou an naje. Timoun nan laj sa yo ka aprann règ debaz sekirite nan dlo yo. Pa janm kite timoun ou an san siveyans bò yon basen dlo.
-
Fè timoun ou an mete yon kas ki byen bon pou li lè l sou twotinèt, bekàn, oswa trisiklèt. oswa lè l monte dèyè bekàn yon granmoun.
-
Planifye davans. Nan laj sa, timoun kirye anpil. Yo gen plis chans frape nan bagay ki danjere. Kite amwa yo fèmen. Sere pwodui tankou pwodui netwayaj ak medikaman yo kote yo pa ka rive.
-
Siveye ti bagay ki piti ase ki ka toufe yo. Kòm nou konnen, yon bagay ki piti ase pou l rete nan tib yon papye twalèt ka lakoz yon timoun toufe.
-
Aprann timoun ou an pou l janti epi pridan ak chen, chat, ak lòt bèt. Toujou sipèvize timoun ou an lè li kote bèt, menm si se yon bèt kay la. Pa janm kite pitit ou a apwoche yon chen oswa yon chat li pa konnen.
-
Lè w nan manchin, toujou mete timoun ou an nan yon chèz ki fèt pou machin nan syèj dèyè a. Bebe ak timoun piti ta dwe nan yon chèz sekirite ki gade sou dèyè pi lontan sa posib. Sa vle di jiskaske yo gen tay oubyen pwa pou yo chita nan machin nan. Suiv enstriksyon ki nan chèz sekirite w yo. Pifò nan chèz sekirite ki ka konvèti yo gen pwa ak tay limit ki pou pèmèt timoun nan chita nan syèj ki gade pa dèyè a pandan 2 lane oubyen plis. Tout timoun ki gen pi piti pase 13 làne dwe chita sou chèz dèyè a. Si w gen kesyon poze founisè swen sante timoun ou an yo.
-
Konsève nimewo telefòn Poison Control la yon kote ki fasil pou wè, pa egzanp sou frijidè a: 800-222-1222.
-
Si w gen zam kite l dechaje epi fèmen l yon kote. Pa janm kite timoun ou an jwe avèk zam ou an.
-
Limite tan timoun ou an pase devan ekran an a 1 èdtan chak jou. Sa gen ladann tan l pase ap gad tele, jwe sou yon tablèt, yon òdinatè, oswa yon telefòn entèlijan.
Vaksen
Sou baz rekòmandasyon CDC yo, nan vizit sa y ap bay timoun ou an vaksen sa yo:
Pale plis
Pandan àne k ap vini an, gen anpil chans pou devlopman lapawòl pitit ou a ogmante anpil. Chak mwa, pitit ou a ta dwe aprann nouvo mo epi fè fraz ki pi long. W ap remake timoun nan ap kòmanse kominike lide ki pi konplèks epi fè konvèsasyon. Pou w ede pitit ou a devlope konpetans vèbal li:
-
Li ansanm souvan. Chwazi liv ki ankouraje patisipasyon, tankou fè l montre imaj oswa manyen paj la.
-
Ede pitit ou a aprann nouvo mo. Di non bagay yo epi dekri anviwònman w lan. Timoun ou an ap repete nouvo mo l tande w di yo. Epi pa di mo ou pa vle pitit ou a repete bò kote l!
-
Fè efò pou w konprann sa pitit ou a ap di. Nan laj sa a, timoun yo kòmanse kominike bezwen yo ak anvi yo. Ranfòse kominikasyon sa a lè w reponn yon kesyon pitit ou a poze, oswa lè w poze pwòp kesyon w pou timoun nan reponn. Pa enkyete w si w pa ka konprann anpil nan mo pitit ou a di yo. Sa a totalman nòmal.
-
Pale ak founisè swen sante a si w enkyete w pou devlopman lapawòl pitit ou a.