Bilan sante timoun nan: 6 a 10 an
Menm si timoun ou an sante, kontinye mennen l fè konsiltasyon anyèl. Vizit sa yo ap garanti pwoteksyon sante pitit ou a gras ak vaksen ak ekzamen yo ap pwograme pou li. Founisè swen sante timoun ou an ap veye jan li ap grandi ak devlope tou. Papye sa ap dekri kèk nan sa w ka atann.
Pwoblèm eskolè ak pwoblèm sosyal
 |
| Difikilte nan lekòl ka endike pwoblèm nan sante oubyen nan devlopman timoun nan. Si timoun ou an gen difikilte nan lekòl, pale ak founisè swen sante timoun nan. |
Men kèk sijè ou menm, timoun ou an, ak founisè swen sante li a dwe vle disktite pandan vizit sa a:
-
Lekti. Èske timoun ou an renmen li? Èske timoun nan li nan bon nivo timoun ki nan laj li?
-
Zanmitay. Èske timoun ou an gen zanmi nan lekòl li? Kijan yo antann yo? Èske w renmen zanmi timoun ou an? Èske w gen enkyetid sou zanmi timoun ou an oubyen pwoblèm ki ka rive ak lòt timoun, tankou entimidasyon?
-
Aktivite yo. Kisa timoun ou an renmen fè pou li amize li? Èske li enplike nan aktivite aprè lekòl yo tankou, espò, eskout, oubyen kou mizik?
-
Entèraksyon familyal. Kijan bagay yo ye nan kay la? Èske timoun ou an gen bon relasyon ak lòt moun nan fanmi an? Èske li pale de pwoblèm li yo? Kijan timoun ou an konpòte l nan kay la?
-
Konpòtman l ak patisipasyon l nan lekòl la. Kijan timoun ou an aji nan lekòl li? Èske timoun ou an suiv kou yo epi li patisipe nan aktivite gwoup yo? Kisa pwofesè yo di sou konpòtman timoun ou an? Èske l fini devwa l nan lè? Èske ou menm oubyen manm fanmi an ede l ak devwa l?
-
Travay nan kay la. Èske timoun ou an ede nan travay nan kay la tankou mete poubèl deyò oubyen ranje kouvè?
Konsèy pou nitrisyon ak ekzèsis
Aprann timoun ou an manje byen ak yon bon abitid lavi ka mennen yon lavi an bon sante. Ede li, defini yon bon ekzanp ak mo pa w ak aksyon pa w. Sonje, bon abitid kounye a yo ap rete nan timoun ou an pou tout tan. Men kèk ti konsèy:
-
Ede timoun ou an fè omwen 30 a 60 minit aktivite pa jou. Bouje ap ede timoun ou an rete an sante. Ale sou plas, moute bisiklèt, oubyen jwe jwèt aktif tankou lago oubyen jwe boul.
-
Limite tan timoun ou an devan ekran a 1è chak jou. Tankou tan li pase ap gade tele, jwe jwèt videyo, itilize òdinatè, ak ekri. Si timoun ou an gen yon tele, oubyen jwèt videyo nan chanm li, ranplase l ak aparèy mizik. Pou anpil timoun, danse ak chante se fason ki amizan pou yo bouje.
-
Limite bwason sikre li ap konsome yo. Kola, ji, ak bwason enèjizan ap mennen nan pwa ki pa sen ak kari nan dan. Li ap pi bon pou timoun ou an bwè dlo ak lèt ki pa gra oubyen ki pa gen anpil grès. Nan tout moderasyon (6 pous pou yon timoun 6 an e 12 pous pou yon timoun 7 a 10 an) chak jou, 100% ji fwi ap bon. Kite kola ak lòt bwason dous yo pou okazyon espesyal yo.
-
Sèvi timoun ou an manje ki ap nouri li. Ou dwe gen yon varyete bon manje tou pre, tankou fwi fre ak legim, vyann mèg, ak gren antye. Ou dwe ba li pòm de tè fri, bonbon ak lòt manje yo raman.
-
Ou dwe sèvi l kantite pou timoun. Timoun pa bezwen menm kantite manje ak granmoun. Bay pitit ou a pòsyon ki bon pou pwa li oubyen laj li. Kite timoun ou an sispann manje si vant li plen. Si timoun ou an toujou grangou lè l fini manje, ba li plis fwi oubyen legim.
-
Mande founisè swen sante li a pwa timoun ou an. Timoun ou an ta dwe pran 4 ak 5 liv chak ane. Si timoun ou an pran plis pwa pase sa, pale founisè swen sante li a de abitid byen manje ak kijan pou l fè ekzesis.
-
Mennen timoun ou an kay dantis omwen de fwa nan ane a pou yo netwaye dan l ak verifye yo.
Konsèy pou somèy
Kounye a timoun ou an ale lekòl, yon bon nuit somèy pi enpòtan toujou. Nan laj sa, timoun ou an bezwen 10è somèy cha swa. Men kèk ti konsèy:
-
Mete yon lè pou timoun ou an al dòmi epi asire w li suiv li chak swa.
-
Televizyon, òdinatè, ak jwèt videyo ka ajite yon timoun epi fè l pa ka kalme li pou nuit lan. Etèn yo omwen inè anvan timoun nan ale nan kabann. Olye sa, li yon chapit liv ansanm ak li.
-
Raple timoun ou an pou l bwose dan l ak pase fi dantè nan dan l anvan l ale dòmi. Ou dwe sipèvize jan timoun ou an ap pran swen dan l pou w asire w devan ak dèyè bouch la byen pwòp.
Konsèy pou sekirite
Rekòmandasyn pou kenbe timoun ou an sekirite tankou sa anba yo:
-
Lè l ap moute bisiklèt timoun ou an dwe mete kas ki atache. Pandan l ap woule paten a woulèt, oubyen sou bagay ki gen kawotchou, li ap plis sekirize si li mete pwotèj pwanyè, koud, jenou, ak kas.
-
Nan machin nan, kontinye itilize syèj jiskaske timoun ou an pi wo pase 4 pye 9 pous. Nan tay sa, timoun yo ka chita ak senti an byen chita sou yo sou klavikil yo ak ranch yo. Mande founisè swen sante li a kesyon sou ki lè timoun ou an ap prè pou li sispann itilize syèj nan machin. Tout timoun ki pi piti pase 13 an dwe chita dèyè.
-
Aprann timoun ou an pou l pa pale ak etranje oubyen deplase ak etranje.
-
Aprann timoun ou an naje. Anpil kominote ofri kou natasyon a ba pri. Pa kite timoun ou an jwe nan oubyen pre pisin san siveyans menm si li konn naje.
Vaksen
Sou rekòmandasyon CDC a, nan vizit sa y ap bay timoun ou an vaksen sa yo:
-
Difteri, tetanòs, ak koklich (6 an sèlman)
-
Papiyoma viris imen (HPV) (9 an oubyen plis)
-
Grip, chak ane
-
Woujòl, malmouton, ak ribeyòl (6 an)
-
Polyo (6 an)
-
Saranpyon (6 an)
Pipi nan kabann: Se pa fòt timoun nan
Pipi nan kabann, oubyen pipi pandan l ap dòmi, ka fristran pou ni ou ni timoun ou an. Men li pa konn yon siy ki anonse yon gwo pwoblèm. Kò timoun ou an ka bezwen plis tan pou l gen matirite. Si yon timoun kòmanse pipi nan kabann, koz la konn souvan akoz yon chanjman nan estil vi li (tanou kòmanse al lekò) oubyen yon evenman ki estrese l (tankou yon lòt timoun ki fèt nan fanmi an). Men kèlkeswa koz la, timoun ou an pa ka kontwole l dirèkteman. Si timoun ou an ap mouye kabann:
-
Ou dwe gen nan lespri w se pa espre timoun ou an fè. Pa janm pini l oubyen takine l paske l pipi nan kabann. Pinisyon oubyen wont ka anpire pwoblèm nan, olye li amelyore l.
-
Pou w ede timoun ou an, rete pozitif epi sipòte l. Felisite l paske l pa pipi nan kabann epi menm felisite l paske l eseye rete sèk.
-
Pa bay timoun ou an anyen pou l bwè dezè anvan li al dòmi.
-
Raple timoun ou an pou l itilize twalèt la anvan li al nan kabann li. Ou ta dwe leve l pou l al pipi anvan ou al dòmi ou menm.
-
Ou dwe chanje dra ap pijama timoun nan lè li mouye. Eseye fè sa nan fason kalm ak òdone sa posib. Sa ap ede w ou ak timoun ou an evite fache oubyen fristre pou n pa ka dòmi.
-
Mete yon kalandiye sou pye pou w ka bay timoun ou an etwal oubyen otokolan pou nwit li pa pipi nan kabann yo.
-
Ankouraje timoun ou an leve pou l itilize twalèt la si li leve nan nuit lan. Mete limye nuit nan chanm nan, koulwa a, ak nan saldeben an pou ede timoun ou an santi l an sekirite pou l al pipi a.
-
Si w enkyete w sou koe pipi nan kabann nan, diskite ak doktè li a.
© 2000-2026 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.